Jou ki te Vandredi 03 Dawou a Real King e Marcus ki se 2 Jèn Rapè Ayisyen leve pri meyè Fòmans Dezyèm edisyon festival hip hop kreyòl ki te dewoule nan
Espacio la fama av México 609 esquina recoleta, metro Einstein nan Peyi chili, selon enfòmasyon ki sòti nan bon sous tout atis yo resevwa Yon prim patisipasyon, men twofe chanpyon an gen pale anpil k ap fèt sou li anndan komite ki te òganize Festival la. Definitivman daprè evalyasyon tout pèfòmans patisipan yo, yo vin remake ke Real King ak Marcus ka réfè l ankò.

Festisval sila te reyisi gras a Prezans plis pase 20 Rapè diferant nasyon tankou Ajanten, Perouvyen, ekip ki òganize aktivite sa a chak Ane se Ojo Production