Yon nèg louvri kout zam sou fidèl yon legliz batist nan Surtherland Hills ki nan sid eta Tegzas, dimanch 5 novanm 2017 la vè 11 zè nan maten, nan atak sila 26 moun mouri pou pipiti e plis pase 20 lòt blese lè Ajan FBI ak biwo ki responsab dwòg ak alkòl, tabak ak zam sou plas kote y ap …
Read More »Tag Archives: Etazini
Palmantè Sid Florid yo pwopoze yon lwa pou transfòme TPS an Rezidans Pèmanan
Selon Jounal Miami Herald pibliye madi 31 oktòb 2017 la, plizyè palmantè Demokrat ak Repibliken ki reprezante sid eta Florid mete tèt yo ansanm pou ekri yon pwojè lwa pou mande nonsèlman pou Etazini pwolonje TPS la, (Estati Pwoteksyon Tanporè a), pou plizyè milye imigran etraje, men tou pou transfòme l an Estati pèmanan rezidans.
Read More »Diplomat Michele Jeanne Sison, se nouvèl Anbasadris Etazini an n Ayiti aprè ratifikasyon chwa Sena Ameriken an
Komisyon afè Etranjè Sena a ameriken an ratifye chwa Michel Jeanne Sison kòm nouvo anbasadris Etazini an n Ayiti. Ratifikasyon sa a fèt nan yon seyans nan Kongrè ameriken an jedi maten 26 oktòb 2017 la nan Washington D.C. Madam Sison ki genyen yon karyè diplomatik trè long nan rezime li, pa yon nouvo veni an n Ayiti kote li …
Read More »Ozetazini yon nèg ame touye plis pase 50 moun nan yon Night Club
Nan Las Vegas, Nevada, yon nèg ame louvri kout zam sou yon gwoup moun nan yon night club dimanch swa premye oktòb pou rive lendi 2 oktòb 2017 la, kote li touye aviwon 50 moun e blese plis pase 200 lòt. Asayan an te nan 32èm etaj yon kazino otèl anfas night club la. Lapolis te lokalize li nan lye …
Read More »Prezidan Trump Aplodi desizyon Kore dinò pran pou l sispann dènye esè nikleyè li a
Prezidan Donald Trump fè konnen lidè Nò koreyen an, Kim Jung Un, pran yon desizyon saj ki baze sou larezon lè li ranvwaye plan pou l lanse misil sou zile Guam ki se yon teritwa ameriken. Lidè ameriken an ekri sou kont Twitter li kote li di: “Altènativ la ta pral yon demach katastwofik e inakseptab alafwa. Yon medya nan …
Read More »Daprè Minis John Kelly kapab gen yon pwochen pwolonjman TPS la pou Imigran Ayisyen yo
Pandan li t’ap vizite Ayiti, mèkredi 31 me 2017 la Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an John Kelly fè konnen gouvenman peyi D ayiti ak Lèzetazini kapab “travay ansanm pou yon pwochen pwolonjman Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou Ayisyen ki gen menas rapatriman sou tèt yo Ozetazini.
Read More »Prezidan Trump revoke direktè FBI la, James Comey
Prezidan Donald Trump defann desizyon li pran pou l’ revoke direktè Biwo Ankèt Federal la (FBI), James Comey. Misye Trump deklare: “Misye pa t’ap fè yon bon travay ditou osi senp ke sa.” Prezidan an pale konsa mèkredi 10 me 2017 la nan salon oval Lamezon Blanch pandan li te chita bò kote ansyen Sekretè Deta ameriken Henry Kissinger. Pi …
Read More »Yon Dekrè Prezidansyèl pèmèt Legliz mele nan Politik Ozetazini
WASHINGTON DC — Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè ki vin adousi aplikasyon yon règleman ki te anpeche legliz yo ki pa peye taks nan peyi a– mele nan zafè politik. Lidè ameriken an siyen dekrè a nan jounen jedi 4 me 2017 la nan okazyon Jounen Nasyonal Lapriyè a. Dokiman an bay biwo federal ki la pou ranmase …
Read More »Kore Disid refize peye pou yon sistèm defans Anti-Misil Lèzetazini ap Enstale nan Sewoul
Gouvènman Kore Disid la prese rejte yon apèl Prezidan Donald Trump lanse pou l’ mande Sewoul peye yon milya dola pou yon sistèm defans anti-misil Lèzetazini ap enstale sou teritwa Sid koreyen an (non sistèm nan se Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid, abreje anglè “THAAD”). Ministè defans sid koreyen an pibliye yon kominike nan jounen vandredi 28 avril …
Read More »Venezyela anonse l’ap kite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)
WASHINGTON, DC — Venezuela anonse jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) aprè òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l’ lanse pwosesis retrè a …
Read More »