Tag Archives: ti Kwen Pam News

Plis pase 140 Moun mouri nan yon Atak Taliban yo fè sou yon Baz Militè nan Afganistan

Yon Lèse-frape ki dire anviwon 10 èdtan nan yon baz militè nan vil Mazar-e-Sharif nan Nò peyi Afganistan aprè rebèl Taliban yo te atake baz la, vandredi 21 avril 2017 la, lakòz 140 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blese daprè otorite ak rebèl nan Afganistan. Otorite lokal yo nan Mazar-e-Sharif konfime kantite moun ki mouri yo ki se ajan …

Read More »

Konsèy Sekirite l'ONU vote pou apiye fen Misyon MINUSTAH – pozisyon Lèzetazini

Nan katye jeneral Òganizasyon Nasyonzini an nan New York, manm Konsèy Sekirite a vote pou adopte Rezolisyon 2350 la ki mande yon fen nan Misyon Nasyonzini pou estabilizsayon Ayiti (MINUSTAH). Nan okazyon an, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Anbasadè Nikki Haley, mete devan delege yo yon mesaj kote li raple kèk moman ki te make prezans misyon an …

Read More »

Lèzetazini Mande pou tout konsila li yo mennen bon jan ankèt sou moun ki vin mande Viza

Rex Tillerson ki se Sekretè Deta a, voye yon mesaj bay tout anbasad ameriken nan mond lan kote li mande yo pou fè reyinyon ak tout staff yo pou diskite sou lis nouvo mezi yo dwe konsidere avan pou bay kèk moun viza. Lòd sa a egzije biwo Etazini nan peyi etranje pou yo konsilte an pwofondè kont medya sosyal …

Read More »

Prezidan Donald Trump bay pèmisyon pou fè yon tiyo pou transpòte petwòl sòti kanada pou ale Ozetazini

Administrasyon Prezidan Donald Trump la bay yon pèmi federal pou pwojè manman tiyo petwòl Keystone XL k’ap sòti nan vil Alberta nan Kanada pou rive nan Nebraska, Ozetazini. Pwojè sa a se yon pwojè ansyen Prezidan Barack Obama te rejte demann li, sa gen anviwon 2 lane. Vandredi 24 Mas 2017 la, Depatman Deta Ameriken anonse li akòde yon pèmi pou …

Read More »